Site in English | Sitio Web en Español | Sit wèb an kreyòl
NOUVÈL ENPÒTAN
Jou ki te 2 oktòb 2008, Tribinal la bay yon Òdonans konsènan distribisyon an ak modifikasyon òdonans sou kalandriye a. Anplis de lòt bagay yo di ladann, Òdonans sa a bay The Garden City Group, Inc. lòd pou li kòmanse fè yon distribisyon pasyèl pou yon montan $9.000 ba moun ki fè reklamasyon tribinal la jije ki valab epi konplè. Yo voye premye chèk pou distribisyon sa a pa lapòs nan jou ki te 3 oktòb 2008. Ofiramezi yo jije lòt reklamasyon yo valab epi konplè, The Garden City Group, Inc. pral voye chèk pou $9.000 pa lapòs ba moun ki fè reklamasyon sa yo. Y ap voye chèk sa yo ale pa lapòs chak de semenn.
Si w ta bezwen plis enfòmastyyon, tanpri ale konsilte Kesyon Yo Poze Pi Souvan yo.
Mesaj enpòtan de Administratè a regadan dwa retansyon aktyèl oswa potansyèl de nenpòt ki sous, ki enkli Medicare, kont Engle Trust Fund.
Administratè The Engle Trust pa gen okenn konesans ke gen okenn dwa retansyon aktyèl oswa potansyèl de nenpòt ki sous, ki enkli Medicare, ka genyen kont Engle Trust Fund. Pozisyon Fidekomi an se ke nenpòt ki dwa retansyon sa yo si yo ta afime kont nenpòt lan debousman egal yo a yon moun ki te yon manm pwosè a pral baze sou yon malantandi de yon nati orijin ak inik de Engle Trust Fund lan. Fon Fidekomi an te etabli atrave yon peyman de ansyen akize pou garanti yon sousi pwolonje de jijman domaj punitif tout klas yo [an sipozan ke domaj pinitif yo te afirme], depase tan sous legal otomatik akize a atrave revizyon Third District Court of Appeal of Florida [Tribinal Twazyèm Distrik Apel Laflorid]. Domaj pinitif tout klas te abandonen e yo pat janm etabli anko. The Engle Trust Fund (ki te rele Engle Guaranteed Sum nan le pase) pat janm gen entansyon pou l te e li pat yon rekompansasyon pou nenpòt ki ansyen manm pwosè a ki te benefisyè Fon an e li pa rekompansayon pou doulè oswa soufrans oswa ranbousman pou okenn depans medikal oswa nenpòt ki kalite rekompansasyon. Ansyen manm Pwosè yo kenbe reklamasyon yo okomplè pou idemnite yo (ak domaj punitif yo) kont tout akize yo lan koze pwosè Engle lan, anba kondisyon (in an pou anrejistre asinasyon an) ki etabli lan Opinion of the Florida Supreme Court [Opinyon Kou Siprem Laflorid]. Ansinyasyon endividyel separe yo diferan de Engle Trust Fund lan. Avoka k ap reprezante ansyen manm pwosè a byenveni pou fè pwòp analiz pa yo konsenan koze yo ak jwenn pwop deteminasyon pa yo baze sou orijin Fon an.
Enfòmasyon jeneral
Engle Class Action te depoze an 1994 epi yo te fè pwosè kont endistri tabak an jiyè 1998. Yon fon lajan diferan ak inik (“Engle Trust Fund”) ki depase 600 milyon dola Susan e Stanley Rosenblatt, avoka defans pou manm rekou kolektif la, kreye pou manm rekou kolektif la. Moun ki fimen nan Eta Florid, ansyen fimè ak sivivan moun ki te fimen kapab elijib pou pataje Fon fidisyè Engle lan.
Ou kapab kalifye pou resevwa lajan nan Fon fidisyè Engle si ou (oswa moun ou genyen ki mouri) te soufri, ap soufri kounye a, oswa te mouri nan maladi ak kondisyon medikal (ki nan lis anba a) akòz akoutimans nan sigarèt ki genyen nikotin. Maladi a oswa kondisyon medikal la dwe dyagnostike dabò oswa manifeste poukont li nan dat 21 novanm 1996 oswa anvan dat sa a. W ap genyen obligasyon pou soumèt dokiman prezan epi ki kapab verifye reklamasyon ou. W ap genyen obligasyon tou pou soumèt reklamasyon ou ak kondisyon sanksyon pou fo temwayaj.
Pou ou kapab elijib pou pataje Fon fidisyè Engle, ou dwe anrejistre anvan 16 jen 2008.
Maladi ak Kondisyon medikal
- Anevrism awòt
- Kansè vezikil bliyè
- Maladi serebrovaskilè (ki gen ladan aksidan vaskilè serebral)
- Kansè sèvikal
- Maladi pilmonè obstriktiv kwonik – BCPO (ki gen ladan anfizèm)
- Koronaropati (ki gen ladan maladi kadyovaskilè, disisman atè yo, aterosklewòz, ensifizans kowonè ak arteryosklewòz, anjin nan pwatrin, kowagilasyon san ki pa nòmal, domaj nan veso sangen, enfarktis miyokad (atak kadyak))
- Kansè nan ezofaj (gòj)
- Kansè nan ren
- Kansè larenje (gòj oswa larenks)
- Kansè nan poumoun (ki gen ladan adenokasinom, kasinom gran selil, kasinom ti selil, kasinom skwame)
- Konplikasyon gwosès (foskouch)
- Kansè kavite oral/lang
- Kansè pankreyatik
- Maladi vaskilè periferik (ki gen ladan maladi Buerger)
- Kansè farenje
- Kansè lestomak
Pwosesis Anrejistreman
Nan odisyon 15 avril 2008 la, Tribinal la te fikse yon kalandriye pou alokasyon ak distribisyon Fon fidisyè Engle. Manm rekou kolektif Engle kalifye yo DWE enskri non yo pa lapòs oswa sou Entènèt anvan 16 jen 2008 pou yo kapab elijib pou pataje Fon fidisyè Engle. Anrejistreman an pa garanti ou kalifye pou resevwa yon pati nan Fon fidisyè Engle.
You may Ou kapab soumèt yon Fòmilè Anrejistreman nan sit wèb sa a.
You may Ou kapab transfere yon Fòmilè Anrejistreman nan sit wèb sa a.
Sinon, ou kapab fè demand yon Fòmilè Anrejistreman pou yo voye li pou ou pa lapòs depi ou kontakte Administratè Reklamasyon yo gratis nan nimewo 1 (888) 420-1666; depi ou voye yon demand nan imèl ba EngleTrustFund@gardencitygroup.com; oswa depi ou voye yon demand alekri ba Engle Trust Fund, P.O. Box 013241, Miami, FL 33101.
Administratè Reklamasyon an ap voye lèt pa lapòs pou fè konnen li resevwa chak Fòmilè Anrejistreman. Lèt yo ap mande ak idantifye tout enfòmasyon adisyonèl ak dokiman administratif ki nesesè pou detèmine si ou kalifye pou resevwa yon pati nan Fon fidisyè Engle. Lèt la ap bay tou enfòmasyon espesifik konsènan dat limit yo. Dokiman administratif manm rekou kolektif la dwe soumèt ba Administratè Reklamasyon yo anvan 1ye out 2008.
Administratè Reklamasyon yo dwe fè distribisyon an yon fason egal-ego pou chak moun ki fimen.
Èske Mwen Dwe Anboche yon Avoka?
Ou kapab anboche avoka, avèk lajan ou, pou reprezante enterè ou anrapò ak alokasyon ak distribisyon lajan Fon fidisyè Engle oswa Administratè Fon fidisyè Tribinal la lonmen ap detèmine kouman enterè ou ap reprezante. Si ou genyen yon avoka ki reprezante ou (oswa moun ou ki mouri a) konsènan reklamasyon sou tabak la, tanpri konsilte avoka ou.
Dat enpòtan
| Dat | Evènman ki asosye ak pwosè a |
|---|---|
| 16 jen 2008 | Dat limit pou anrejistreman |
| 1ye out 2008 | Documentation Submission Deadline (w ap resevwa avi dokiman ki obligatwa apre w fin anrejistre) |