Kesyon Yo Poze Pi Souvan







Poukisa mwen resevwa chèk sa a?

Tribinal la bay The Garden City Group, Inc. lòd pou li kòmanse distribye lajan nan Engle Trust Fund lan. Yo voye chèk pou yon montan $9.000 pa lapòs pou reklamasyon The Garden City Group, Inc. jije yo valab epi konplè.

(back to top)



Èske pral genyen lòt distribisyon?

Tribinal la te bay lòd depi anvan pou distribisyon The Garden City Group, Inc. ap fè a fèt egalego ba chak moun ki fimen ki domaje. Ki vle di peman an ap menm pou chak moun ki kalifye ki fè reklamasyon. Kòm yo pako konnen ki kantite moun ki fè reklamasyon ki kalifye, yo pako konnen ki montan final chak moun ki fè reklamasyon ki kalifye ap resevwa. Tribinal la ak moun ki Fidisyè a (Trustee) tonbe dakò pou genyen yon peman $9.000 ki fèt depi kounye a. Yo panse kapab genyen lòt peman dèyè toujou men pa genyen garanti sa ap fèt. Distribisyon siplemantè sa a ap fèt apre yo fin rezoud tout reklamasyon yo.

(back to top)



Dènyèman, mwen voye repons parapò ak yon Avi sou opòtinite pou tretman (Notice of Opportunity to Cure). Si repons mwen an fè reklamasyon an valab, èske m ap resevwa lajan nan premye distribisyon an?

Wi – depi yo deside reklamasyon siplemantè yo valab epi konplè, The Garden City Group, Inc. pral kòmanse fè distribisyon $9.000 pou reklamasyon siplemantè sa yo. Y ap fè chèk sa yo chak de semenn.

(back to top)



M ap tann pou yo voye lòt dokiman pou mwen pou mwen soumèt pou apiye reklamasyon mwen an. Toutfwa, m ap resevwa yo sèlman apre dat limit ki ekri sou Avi sou opòtinite pou tretman mwen an. Èske mwen kapab jwenn yon dèle anplis apre dat limit la?

Nou pa genyen otorizasyon pou nou bay dèle anplis apre dat limit ki ekri sou Avi sou opòtinite pou tretman yo. Toutfwa, Òdonans konsènan distribisyon an ak modifikasyon òdonans sou kalandriye a Tribinal la pran dènyèman di si ou vin jwenn enfòmasyon anplis pou konplete reklamasyon w lan, w ap jwenn posibilite pou ou soumèt li nan jou ki 17 novanm 2008 oswa anvan sa.

(back to top)



Kisa ki se konsekans enpo yo de distribisyon de Engle Trust Fund lan?

Tanpri note ke taks ki endike lan distribisyon sa a varye baze sou sikonstans endividyèl yo ak eta taks de chak Moun k ap reklame an. An konsekans, Administratè an ak Administratè Reklamasyon yo paka deteminen montan taks ki apwopriye pou nenpòt ki Moun k ap reklame. Tanpri konsilte ak konseye taks ou pou deteminen konsekans taks yo, si l ta egziste, ke distribisyon de Engle Trust Fund ta ka genyen pou ou.

(back to top)